10 konsèy pou w aplike pandan yon tranblemanntè



Menm jan ak lòt fenomèn natirèl yo, tranblemanntè ka pa vin yon katastwòf si n prepare epi poze bon aksyon yo. Men kèk konpòtman nou dwe genyen pandan yon tranblemanntè:



1) Si w anndan kay, ale abrite w anba yon tab oubyen tout lòt mèb ki solid pandan w ap pwoteje tèt ou ak dèyè kou w ak men w.


2) Si tranbleman an kanpe, kouri kite anndan kay la paske ka toujou gen replik. Si w aletaj pa pran asansè.


3) Si w nan lari pa rantre anndan kay yo epi pa rete tou prè kay, pon oubyen tout sa ki ka fè w viktim yo. Se menm prekosyon yo tou si w te nan machin ak sou moto.


4) Pa rete pre fenèt, miwa ak bò mi yo. Chèche pito kwen mi ak poto ki solid oubyen rete anba ankadreman pòt la.


5) Pa fimen ni tou pa limen dife paske ka gen flit gaz ki ka met dife. Ouvè pòt ak fenèt yo, sa ka ede gaz la epapiye.



6) Pa kanpe anba poto yo epi pa manyen fil kouran ki tonbe atè.


7) Bay yon kout men ak moun ki gen bezwen (granmoun, timoun ak moun ki gen andikap fizik ak mantal) pandan w ap pwoteje tèt ou.


8) Pa rete bò lanmè. Ka gen gwo vag lanmè ki anvayi tè a.


9) Evite fè apèl si w pa gen ijans pou w pa ankonbre liy telefonik yo pou moun ki vrèman gen bezwen.


10) Chèche yon tèren vid pou w abrite w.



Ayiti se yon peyi ki gen anpil chans pou tranbleman pase ladan. Nan sans sa a, aprann epi pratike konsèy sa yo pou w ka sove lavi w ak lavi pwòch ou.


Rodolson JEANTY

Commentaires