Yon dezyèm vizit kay Grann Vèti (Zoubka)

Pou yon dezyèm fwa, otè « Zoubka » a, Wilky Petit-Homme, tout moun konnen sou non Plim San Koulè, deside mennen lektè l yo al vizite lakou Marasa, Kay Grann Vèti pou penmèt yo viv yon lòt fwa ankò yon lejann vivan.

Li klè, nan kilti ayisyèn lan, kesyon lakou an – pa nan sans pwòp li – rete yon gwo mistè, tankou n konnen l, chak grenn ayisyen gen yon lakou. Kenpòt si w te potestan, katolik, advantis, kwakilakyè l, ou sòti kanmenm nan yon lakou. Men, se t ap pito nòmal sa toutfwa tèm lakou an te itilize nan sans pwòp li, se anpil fwa pou fè referans ak tèm bitasyon an pratikman vodouyizan oubyen moun ki atache toutbon ak kilti sa pa janm gen lapenn pou itilize. Pou dayè se yon fyète.



Nan dènye ouvraj li a, powèt la, @plimsankoulè, itilize konsèp la anpil, e fè l tounen episant zèv sila a ki voye n drèt nan yon tounen dèyè pou n al fè konesans ak yon seri pratik ansyen, anpil fwa ki rete nan kad mit ak tradisyon konvansyonèl. Zoubka, anvan tout bagay se yon liv lasajès ak lakonesans sou vodou. @plimsankoulè, nan liv sila, kreye yon lejann (Grann Vèti) ki posede yon bon konprann ki menm pi gran pase pa Wa Salomon an, nou konnen loksidan vann nou kòm nonm ki te gen plis lasajès depi monn lan te monn.



Lire aussi: Découvrons ensemble Renette Désir 

Touche toujou ak lide renmen konnen nan tout sans mo a pouse lektè yo poze kesyon sou legzistans yon lakou konsa, e se la lide premye ak dezyèm vizit gide sa rive vini, epi tounen yon okazyon okenn moun pa fèt pou rate sitou fason moun yo marye ak tradisyon ansyen yo, jwe tout kalte ansyen jwèt, tire kont, manje manje ki fèt nan jaden peyizan, bay blag elatriye.



Boutofen, dezyèm rankont sa a, tankou l anonse depi yon bon ti moman, se ap pou jounen k ap 5 jen 2021 an nan lakou Difò nan anviwon 8è 45 nan maten. Si w ap sòti nan kè pòtoprens, w ap prann machin bò komisarya Pòtay Leyogàn lan, si w ap sot Kafou, w ap pran machin bò Senchal. Bon vwayaj ak divètisman!



Ansky Hilaire 
anskyhil22@gmail.com

Commentaires